Pwofèt yo toujou kenbe jeneyaloji.
Epi, se te konsa, papa m, Leyi te jwenn jeneyaloji zansèt li yo nan plakderen yo tou; se poutèt sa li te konnen li se desandan Jozèf; wi Jozèf sa a menm ki te pitit gason Jakòb la, yo te vann nan Ejip la, epi men Senyè a te prezève l, pou l te kapab prezève papa l, Jakòb, ak tout fanmi l, pou yo pa peri anba lafamin.
Lehi dekouvri jeneyaloji li nan plak an kwiv yo e li aprann li se desandan Jozèf ki te an Ejip la.
Gade, pitit gason m yo, m vle pou nou ta sonje pou nou respekte kòmandman Bondye yo; e m ta vle pou nou deklare pèp la pawòl sa yo. M te ba nou non premye paran nou yo ki te sòti nan peyi Jerizalèm; m te fè sa pou nou kapab sonje non yo, lè nou sonje non pa nou; lè nou sonje yo, n ap sonje zèv yo, e lè nou sonje zèv yo, nou kapab konnen poukisa moun di, epi poukisa moun ekri, yo te bon moun.
Elaman te bay pitit gason l yo non zansèt ki te jis, pou lè yo sonje non yo, sa fè yo sonje bonte zansèt yo.
Kounyeya, Adan te pale pwofesi sa a pandan Sentespri a te enspire l, epi yo te konsève jeneyaloji pitit Bondye yo. Epi se te liv jenerasyon Adan yo, ki te di: Nan epòk Bondye te kreye lòm, li te kreye l nan imaj Bondye.
Depi nan epòk Adan, yo te kenbe yon jeneyaloji pitit Bondye yo, premye rejis fanmi yo te anrejistre.
Men, rejis zansèt mwen yo, sa vle di rejis patriyach yo, konsènan dwa la Prètriz la, Senyè Bondye m nan te prezève l nan pwòp men pa m; se poutèt sa, jouk jodi a, m kenbe yon konesans konsènan kòmansman kreyasyon an, ak kreyasyon planèt yo, ak kreyasyon zetwal yo, jan Bondye te fè zansèt yo konnen yo, epi m ap degaje m pou m ekri kèk nan bagay sa yo sou rejis sa a, pou benefis pitit pitit mwen ki pral vini apre m.
Abraram te konsève rejis zansèt li yo e li te ekri pou byen desandan li yo.

M ta kapab fè yon tradiksyon ki pi klè pou sa, men, li klè ase pou reyalize objektif mwen jan l ye a. Li ase pou nou konnen, nan ka sa a, tè a ap frape anba yon malediksyon si pa gen yon kalite koneksyon ki fèt pou lye zansèt yo ak pitit yo, sou yon sijè oubyen yon lòt—epi gade, ki sijè sa a ye? Se batèm pou mò yo. Paske nou pa kapab vin pafè san yo menm; ni tou yo pa kapab vin pafè san noumenm. Ni yomenm ak noumenm pa kapab vin pafè san moun yo ki mouri nan levanjil la tou; paske se nesesè nan chemen dispansasyon toutantye tout tan y ap montre a, dispansasyon sa a ki kòmanse montre chemen li a, pou yon inyon antye epi ki konplè epi ki pafè soude dispansasyon yo ansanm, ak kle yo, ak pouvwa yo, ak laglwa yo, epi pou l revele depi nan epòk Adan jouk nan tan prezan sa a. Epi non sèlman sa, bagay sa yo ki pa t janm revele depi nan fondasyon mond lan, ki te rete kache lwen moun ki saj yo ak moun ki pridan yo, pral revele bay timoun ak ti bebe nan tete nan dispansasyon totalite tout tan sa a.
Travay pou mò yo se “koneksyon ki soude” jenerasyon yo ansanm nan yon inyon pafè.
Frè m yo, èske nou pa dwe kontinye avèk yon gwo koz konsa? Ale an avan, non pa an aryè. Kouraj, frè m yo; epi an avan, an avan pou viktwa! Fè kè nou rejwi, epi kontan anpil. Se pou tè a rele, chante. Se pou mò chante kantik louwanj etènèl bay Wa Emanyèl la, ki te òdone, anvan mond lan te egziste, bagay ki pou te fè l posib pou nou kapab rachte yo soti nan prizon yo; paske prizonye yo dwe libere.
Apèl plen lajwa Joseph Smith pou nou ale pi devan nan rachte mò yo, paske prizonye yo pral libere.
Gade, gran jou Senyè a ap pwoche; epi kiyès ki kapab reziste devan jou vini li a, epi kiyès ki kapab kanpe lè l parèt? Paske li tankou yon dife pirifikatè, epi li tankou savon lesivèz la; epi li pral chita tankou rafine ak yon pirifikatè ajan, epi li pral pirifye pitit gason Levi yo, epi li pral prije yo tankou lò ak ajan, pou yo kapab ofri Senyè a yon ofrann nan lajistis. Se poutèt sa, an nou noumenm, kòm yon legliz ak yon pèp, epi kòm Sen dènye jou yo, ofri Senyè a yon ofrann nan lajistis; Epi an nou prezante nan tanp li a, lè l fini, yon liv ki gen rejis mò yo, ki diy pou tout akseptasyon.
Yo envite Sen yo pou yo prezante nan tanp lan yon liv ki diy, ki gen rejis mò yo.